Login

Règ ak Kondisyon pou COPA ELITE
Li avan ou login

1. Kreyasyon Kont ak Sekirite: Pou w itilize sit sa a ou dwe resewa longin nan en staf COPA ELIT,
Verasite Enfòmasyon: Ou dwe bay enfòmasyon ki kòrèk (nonw sou game lan , bon nivow nan game lan, on seul position pa player). Nenpòt kont ki gen fo enfòmasyon ka bloke.
Sekirite Modpas: Ou responsab pou sekirite kont ou. Si yon lòt moun antre nan kont ou paske ou pa t pwoteje modpas ou, COPA ELITE pa responsab pou sa ki rive.
2. Règ Kondwit ak Fair Play Kòm yon platfòm elit, nou mande tout manm pou yo gen yon konpòtman spòtif: Respè: Diskriminasyn, joure, ak sizonnay (harassment) entèdi nèt nan espas kòmantè oswa chat. Anti-Fwod: Itilizasyon "bots", lojisyèl pou "hack", oswa nenpòt tantativ pou manipile sistèm nan ap mennen nan yon depòtasyon (bann) definitif san diskisyon. Yon sèl kont: Chak grenn moun gen dwa a yon sèl kont. Si nou jwenn yon moun k ap jere plizyè kont pou l ka pran avantaj, n ap efase yo tout.
3. Konfidansyalite (Pwoteksyon Done) Nou kolekte done ou yo sèlman pou nou ka jere pwofil ou, estatistik ou, ak notifikasyon yo. Nou pran angajman pou nou pa janm vann enfòmasyon pèsonèl ou bay lòt moun.
4. Dwa Pwopriyete Entèlektyèl Logo, konsepsyon sit la, ak non COPA ELITE se pwopriyete eksklizif nou. Ou pa gen dwa kopye, modifye, oswa itilize materyèl nou yo pou fè lajan san nou pa ba ou yon otorizasyon ekri.
5. Limit Responsablite Nou fè tout sa nou kapab pou sit la toujou disponib, men nou pa responsab si gen yon pann teknik, yon pwoblèm koneksyon bò kote pa w, oswa yon erè ki soti nan founisè entènèt ou. Nou pa responsab pou okenn pèt (done oswa lòt) ki ta rive pandan w ap itilize sèvis la.
6. Modifikasyon ak Sanksyon COPA ELITE gen dwa chanje regleman sa yo nenpòt kilè. N ap fè itilizatè yo konnen si gen gwo chanjman. Si yon itilizatè pa respekte règ sa yo, administrasyon an ka sispann kont li pou yon tan oswa pou toutan.